Blog

Print

Li Chanjem

Stanley Delphin*

By Inter-American Foundation on Comment

Stanley Pafwa avèk kèk bèl ti pawòl, nou ka di tout bagay.

Nan fen 2015, asosyasyon kominotè Lakou Lapè komanse reyalize yon pwojè ki konsiste nan devlope 75 jen ki soti nan twa katye, kidonk Bèlè, Sen Maten ak Nan Cocteau ki nan zòn Kafou. Pwoje sa a ap fèt ak sipò Fondasyon Entèamerikèn (IAF). 

Lakou Lapè ap bay jen sa yo fòmasyon nan bati lape, nan dyalog, nan edikasyon sivik ak lòt kapasite tou pou pèmèt yo devlope yon lidechip pozitif epi rekonstwi rezo sosyal la nan katye kote yo soti yo ki se de katye ki genyen anpil vyolans ladan yo. Lakou Lapè fè entèvansyon ki redwi konfli nan kominote ak ant kominote epi ede individi ak gwoup chita pale alabri.

Yon jen patisipan, ki rele Stanley Delphin, te tèlman touche pa rapò a patisipasyon li nan Lakou Lapè ke li ekri yon tèks sou fòm slam pou selebre transfòmasyon ki fet lakay li gras ak fòmasyon li pran yo epi dyalog ki fet nan kominote li a. Tit tèks la se Li Chanjem. Se tèks sa nou vle pataje ak tout moun jounen jodia. Li pa sèlman bay pespektiv youn nan patisipan pwojè a men li bay gwo egzanp de jefò Lakou Lapè ap fè yo pou redwi vyolans epi ede jen viv yon vi pozitiv.

Li Chanjem
Ekri Stanley Delphin

group
talk
explain

Mpat gen lontan depi mwen tap viv yon vi chen manje chen .
Kote mwen te konn we jodi menm pat konn panse ak demen.
Yon vi banboch yon vi vagabondaj.
Kote chak le yon moun wem li di ti neg sa paka yon saj.
Vag ak yon laj nan ti moun lew vin gran ou gen pouw regret.
Echek viw depann de ou mal entansyone egal defet.
Se jwet mwen te konn ap fe ak vim mpat kwe anyen te danje.
Mte plis kwe nan litij chok anretou mwen se vanje.
Yon bon matenm leve yon zanmi envitem vin swiv yon fomasyon.
San poze kesyon mte aksepte mpat menm di ki jan de fomasyon.
Lem rive sete pwopo de byen vini epi prezantasyon.
Mtap swiv sanfe bri paskem te prezan gason.
Mte we patisipan direkte fasiltate mte we fomate.
Mpat konn ki wol mtap pral jwe kom mpotko gen fom akte.
Sete lakou lape kite mete sou pye bel mouvman sa.
Mte komanse prete atansyon poum te adaptem nan moman sa.
Yo te fe nou pale de tet nou kiyes ki envite nou e ki kote nou soti.
Yo te fe nou pran plezi antre nou se te yon fason pou nou te vin zanmi.
Jesyon transfomasyon konfli se te sou sa fomasyon an te plis baze.
Pou mwen se te yon pi gwo zam kite ka ede nasyon an nan chita pale.
Li chanjem paskel fem panse yon lot jan de janm te konn panse.
Li rann mwen saj patisipasyon ladann fem wem se yon moun chanse.
Nan mwen li mete tolerans tanperans e li fem gen anpil metriz.
Lekol merite fomasyon sa menm nan perestil ak legliz.
Map dil mesi pou transfomasyon li fe nan mwen e ki bon pou vim.
Akoz di li kwem siw vle ayiti ap gen mwens krim.
Lakou lape fe de mwen yon leader sak fe nan zon mwen mse yon referans.
Kounyam pa kwe nan konfli lape pou mwen se yon preferans.
Li rann mwen li rezon poum fe lyezon achak moun kem pat konnen.
Li familyarize nou ki fe lanmou ak nou li vin makonnen.
Mesi ak direkte fomate chak manb epi fasiltatris.
Fomasyon an met jwa nan ke mwen kifew ka we mwen fasil pa tris.
Mesi Lakou Lapè 

_________________________________________________
* Stanley Delphin, a member of IAF grantee partner Lakou Lapè in Haiti
Return to full list >>
comments powered by Disqus