Blog

Print
Press Enter to show all options, press Tab go to next option

Malgre Mòn ki Separe yo, gen Objektif ki Rale yo Ansanm nan Costa Rica

Ana Carmona*

By Inter-American Foundation on Comment

Ana-1-(962x1024)Gen anpil fwa patnè sibvansyon Fondasyon Entè-Ameriken yo konn aprann youn nan men lòt menm jan yo konn aprann nan lòt sous ki deyò. Se sa ki te rive pou Asociación de Organizaciones del Corredor Biológico Talamanca Caribea (ACBTC), ki se yon rezo 17 ògànizasyon popilè sou kòt peyi Costa Rica ki anfas Karayib la. Ògànizasyon sa yo travay pou devlopman kominotè, ak pou ti pwodiksyon agrikòl, ak pwojè konsèvasyon k ap chèche pwoteje ak administre resous natirèl ki dirab. Gen youn nan pwojè yo k ap eseye ranfòse kapasite teknik ak administratif yon òganizasyon desandan moun Afrik ki fenk fòme avèk kiltivatè kakawo, pou fè plis lajan rantre nan men yo, ak pou louvri nouvo opòtinite nan komès. Nan lane 1980, yo te sispann travay sou plizyè plantasyon kakawo poutèt monilia, ki se yon mikwòb ki simen maladi nan plantasyon yo; epi an 1990, rezon yo te sispann travay kakawo se poutèt endistri touris yo te louvri nan zòn lan.

Pa gen lontan, kiltivatè kakawo yo te fè yon vwayaj 12 èdtan, lè yo te janbe Mòn Talamanca pou ale nan yon kominote Biolley toupre Parque Internacional La Amistad [Pak Entènasyonnal Lamitye] pou kontre ak 2 lòt ògànizasyon ki te rive fè bon travay: Asosyasyon Fanm Biolley (ASOMOBI) ak Asosyasyon Kiltivatè La Amistad (ASOPROLA). IAF te sipòte reyinyon sa a paske echanj lan t ap pèmèt ranfòse kapasite nan zòn kote kiltivatè kakawo yo te rive wè poukont yo yon nesesite pou travay yo.

cocoa

Kakawo!


Lè kiltivatè yo te tande batay fanm ki manm ASOMOBI yo te mennen, ak laviktwa yo te rive jwenn, sa te bay kiltivatè yo lespwa ak kouraj, paske sa te pèmèt yo wè pi byen prensip ak valè yo te bezwen pou jwenn bon rezilta nan travay yo ak nan jan yo ògànize, ak nan jan pou yo te mete plis valè nan pwodiksyon ak nan komès yo. Sa yo aprann nan men ASOPROLA, se varyete yo ka mete nan metòd pwodiksyon ak nan jan yo ògànize lavant pou diferan kalite pwodui, avèk konsantrasyon sou mache anndan peyi yo ak sou ekspòtasyon, avèk sètifikasyon pou agrikilti byolojik ak pou komès ekitab; yo wè sa kapab fè yon gwo diferans nan kantite lajan ki rantre nan men kiltivatè yo. Yon bagay ki parèt aklè nan reyinyon avèk ASOPROLA a, se bezwen pwodiktè yo konn genyen anpil fwa pou redefini tèt yo, pou yo pa rete pachiman nan travay yo, ak pou yo aprann adapte avèk nouvo kondisyon yo. 

Menm si objektif fondamantal echanj yo, se te pou ede kiltivatè kakawo yo pwodui plis, patisipan yo te apresye tou lòt leson yo te aprann, tankou aji avèk transparans ant patnè yo, ak travay tèt ansanm nan avantaj tout patnè yo. Epitou, echanj yo te fè wè enpòtans ki genyen nan devlope rezistans ak santiman kolaborasyon ki nesesè pou rive nan objektif pozitif, pou amelyore kondisyon lavi, ak pou reprann fòs chak fwa sa nesesè pou kontinye vanse.

Kiltivatè kakawo yo tounen lakay yo avèk yon santiman solidarite: yo wè yo pa poukont yo nan lite pou yon pi bon lavni pou fanmi ak pou kominote yo, epi yo wè gen lòt moun tankou yo k ap bay prèv bagay sa yo posib, menm si yo pa fasil. Menm si gen yon lè youn pa te konnen lòt, ACBTC ak ògànizasyon manm li yo te ale wè kapab genyen mòn ki separe yo, men yo vin gen plis fòs ki rale yo ansanm paske yo vin gen yon objektif yo tout pataje.

_________________________________________________
* Ana Carmona, Ajan Lyezon nan Peyi Costa Rica pou IAF 
Return to full list >>
comments powered by Disqus