Blog

Print
Press Enter to show all options, press Tab go to next option

Yon nouvo jenerasyon lidè mouvman debaz yo ap pote chanjman nan Guatemala

Jose Toasa*

By Inter-American Foundation on Comment

Istwa ak politik Guatemala te make pa yon eksklizyon sosyal, ekonomik ak etnik pwofon. Akoz de sa, inegalite nan revni, konsantrasyon pwopriyete teryen ak abi dwa moun toujou pèsiste jodia. Pou fè fas a defi sa yo sa mande pi gwo egalite politik ak yon pi bon reprezantasyon. Men pandan ke pèp endijèn Guatemala reprezante apeprè 60 pousan nan popilasyon an sèlman 20 nan 158 syèj nan Kongrè a okipe pa reprezantan endijèn yo — oswa senpleman plis pase 12 pousan.

E selon dènye Rapò Endèks sou Dwa Imen, 90 pousan nan popilasyon endijèn lan pa ka reponn a bezwen debaz yo pou yo siviv. Lit yo te ede pou bay nesans a kèk nan lidè endijèn yo nan mond lan, tankouRigoberta Menchú ak Alvaro Pop. E nan mitan sosyete sivil difize men dinamik Guatemala, pwochen Menchú oswa Pop la pare pou prezante epi dirije yon nouvo jenerasyon lidè ki — nou ka sèlman espere— pral ede takle defi sosyal, politik, ak ekonomik peyi a.

Lidè ki pi remakab nan mouvman endijèn nan te soti nan lit istorik yo pou sipòte Akò Lapè 1996 la ki te mete fen nan yon gè sivil ki te dire twa deseni nan peyi a. Apati peryòd sa Menchú te vini pou ede nan devlope epi lite pou akò sa yo — yon wòl ki te fè li resevwa Pri Nobèl Lapè nan ane 1992.

Apre premye triyonf lan, mouvman debaz Guatemalyen an te eklate avèk gwoup yo ki reprezante endijèn, peyizan, fi, jèn ak relijye kont enterè relijye yo, pami lòt bagay. Efè nèt la te difize ak delye vwa ansanm avèk pouvwa kolektif mouvman debaz Guatemalyen an.

Grasa travay ewo prensipal yo tankou Menchú ansanm avèk bòn volonte kominote entènasyonal la nan sipò enplemantasyon Akò Lapè a, donatè entènasyonal yo te prese kouri pou sipòte sa yo te espere ki ta pral transfòmasyon Guatemala an yon peyi demokratik pwospè. Men gouvènman Guatemala, sektè prive ansanm avèk òganizasyon sosyete sivil la pat toujou prepare pou jere reosus sa yo e yo te neglije pou kowòdone gwo varyete pwogramasyon yo. E nan kèk ka, benefisyè yo te swiv enterè donatè yo olye ke yo swiv pwoòp enterè oswa analiz yo. Pami kèk nan lidè ki pi gran yo, yon atmosfè mefyans souvan te predomine non sèlman ant gwoup yo men tou ant pati donatè yo ak gouvènman an.

Nan resan ane yo, byenke efò siksè yo pou konbat koripsyon ak enpinite, te demontre pouvwa òganizasyon mouvman debaz la ap grandi ak sitwayennete aktif ansanm avèk kapasite pou afekte deba politik ak piblik la.

Nouvo siksè sa ak pouvwa mouvman òganizasyon debaz yo vini de yon nouvo jenerasyon lidè sosyete sivil yo ki te grandi nan ak ozalantou dinamik sa ki relativman nouvo ak kilti sosyete sivil Guatemalyen an. Antanke reprezantan Fondasyon Entè Ameriken (IAF) pou Guatemala, pandan dènye uit ane ki sot pase yo e avèk plis pase 50 vwayaj nan peyi a, mwen te gen chans pou m rankontre jèn endijèn Guatemalyen yo ki gen talan kap kreye yon nouvo konstriksyon sosyal ansanm avèk evolye epi grandi avèk mouvman yo. Estrateji IAF nan Guatemala chita sou devlopman pwosesis òganik, enkliziv, ak alontèm ki sipòte pa kolaboratè benefisyè lokal li yo pou reyalize enklizyon dirab sosyal, ekonomik ak politik. Lidè gwoup mouvman debaz yo souvan se jèn yo ye — ki fèt nan fen ane 1970 yo ak nan kòmansman ane 1990 yo — e yo pwobableman anmezi pou mobilize kominote yo lè yo itilize WhatsApp ak Facebook kòm apwòch tradisyonèl, tankou seminè oswa demonstrasyon. Yo ka mete yo an rezo pi byen pase toutan alafwa andeyò ak andedan peyi a, e sa te pèmèt pou elaji pèspektif ak panse kritik ke yo pote nan elaborasyon pwogram yo.

Ernesto
 Ernesto Tzi, Directeur de SANK
 IMG_9003

 Q’eqchi marché où les agriculteurs locaux de vendre leurs récoltes

 20150923_113306
 Alicia Lopez, Directeur exécutif de Asociación Política de Mujeres Mayas Moloj 

Jèn lidè endijèn yo te montre yon enterè aktif nan aprann, negosye epi konsidere benefis delvopman ekonomik ekitab. Pandan yon vizit nan sant teritwa Q’eqchi’ Guatemala, sa ki te anrejistre yon ekspansyon fòmidab nan plantasyon palmye Afriken, elvaj bèt, krim òganize, ak pwojè enfrastrikti, Ernesto Tzi, yon lidè Q’eqchi ki nan laj 30 ane yo, se direktè Asosyasyon IAF partner Aproba-Sank (SANK) te di m: “Nou pa kont devlopman ekonomik, men nou vle pou yo konsilte nou komsadwa epi patisipe nan diskisyon yo kap kondwi nan desizyon pou fè pwojè sa yo ale delavan, kòm yo afekte lavi kominote a.”

Tzi, ki nan lekòl avoka, ka fasilman rasanble yon foul alafwa nan lang Panyòl ak Q’eqchi’. Li te pase plizyè èdtan ap pale avèk chèf fanmi li yo osijè pou l ouvè pou dyalòg ak nouvo lide, pandan lap mete aksan sou enpòtans pou defann teritwa endijèn yo. Men dyalòg sa pat fasil, akoz de mank konfyans ki te anrasine ant gwoup endijèn yo, gouvènman ak sektè prive a ki soti nan istwa tris Guatemala. Ouvèti ak volonte dyalòg sa pou bliye sa ki te pase te pote chanjman. SANK te fè patenarya avèk Asociación de Abogados y Notarios Mayas Guatemala, yon lòt patnè IAF, pou devlope yon chemen legal ki pèmèt kominote endijèn yo jere teren yo daprè tradisyon zansèt yo pandan lap konfòme avèk lwa entènasyonal ak Guatemaltèk yo. Pratik sa pwoteje teritwa yo kont agrikiltè ak pirat yo epi anpeche lavant endividyèl yo. Anplis, aktyèlman, minisipalite lokal la ap sipòte kèk nan inisyativ SANK ki sovgade teritwa endijèn yo epi stimile ekonomi lokal la. Pi presizeman, minisipalite a ap finanse konkou ki ankouraje epi fè elòj pou divèsifikasyon e li te otorize itilizasyon teren ki lokalize stratejikman pou yon mache kiltivatè. Sa a bay yon platfòm pou plis pase 600 agrikiltè lokal avèk pati teren divèsifye —kèk ladan yo avèk plis pase 50 diferan varyete rekòlt— kote yo konekte ak echanje epi vann pwodui yo dirèkteman bay konsomatè yo.

Jèn lidè yo pi dispoze pou eseye apwòch inove pou rezoud pwoblèm yo, pou kesyone lidè mouvman yo ki pi gran ansanm avèk donatè entènasyonal yo, epi pou kolabore avèk diferan gwoup — endijèn avèk non-endijèn, pwofesyonèl avèk non pwofesyonèl, e gason avèk fi —lè nou mete akote diferans ki pase yo avèk dout. Alicia Lopez se yon Awakateka nan kòmansman laj 30 ane l e li se direktè egzekitif Asosyasyon Politik Mujeres Mayas Moloj (MOLOJ), yon kolaboratè IAF kap travay nan bi enklizyon fi endijèn nan demokrasi peyi a. Li te repete m pwen sa nan plizyè fason. Li te eksplike poukisa ajanda fi Guatemala yo pa ta dwe divize akoz de etnisite; pratik li kwè a, ralanti pwogrè. Fi Guatemala yo dwe travay non sèlman ansanm, men tou avèk alye enpòtan gason entènasyonal yo ki konprann priyorite ak bezwen yo. Sou lidèchip Lopez, diferan òganizasyon nan sosyete sivil la te reyini ansanm pou sipòte inisyativ tankou pwojè lwa pou reyalize egalite elektoral pou fi ak endijèn yo, sa ki te diskite nan Kongrè Guatemala, e menm pou piblikman sipòte travay avoka jeneral peyi a. Byenke yo te rejte pwojè lwa pou refòme lwa elektoral la, diskisyon an nan li menm te enpòtan.

Malgre siksè sa yo, mouvman debaz Guatemala a (yo) toujou ap fè fas a anpil lòt difikilte. Youn ladan yo sèke kèk nan lidè ki granmoun yo pat reyalize enpòtans pasasyon lidèchip la. Anpil moun ap pale de li pozitivman, men lè li tan pou ofri opòtinite ak pran desizyon pou pase pouvwa bay jèn moun yo, yo souvan ezite pou yo pase plas la a yon nouvo jenerasyon.

Lòt obstak se rivalite ak jalouzi ki egziste ant enstitisyon yo. Kèk òganizasyon, petèt pè pou yo pa pèdi wòl yo kòm aktè prensipal, yo ezite pou pataje koneksyon, resous, ak espesyalite, yon bagay ke IAF ap eseye simonte espesifikman pami patnè benefisyè yo. Anpil fwa, mwen te wè sitiyasyon kote yon òganizasyon dispoze resous pou devlope yon bagay ki egziste deja, oswa pou konekte avèk yon envestisè oswa gouvènman kote òganizasyon ki menm jan te deja byen etabli relasyon, senpleman paske li vle fè yon bagay pou kont li.

Anplis, sitiyasyon ekonomik frajil la ke òganizasyon sa yo ap fè fas souvan fè yo chanje priyorite yo pou satisfè atant envestisè yo. Sa a anpeche posibilite lidè mouvman debaz yo epi gen tandans pou fè mizan aplikasyon olye de lidè kreyatif ak aktif.

Vin abitye avèk epi itilize teknoloji ka koze tou friksyon jenerasyon nan òganizasyon sosyete sivil la, menm lè li kenbe kle pou louvri yon varyete opòtinite koneksyon rezo pou yo. Byenke gen merit nan devlope relasyon pèsonèl, gen yon gwo efè miltiplikatè nan itilizasyon teknoloji a. Jèn lidè yo gen kapasite pou òganize atravè rasanbleman ansanm avèk lòt mwayen tradisyonèl nan menm fason avèk pi gran lidè yo, men yo ka òganize tou grasa itilizasyon aplikasyon tèks ak medya sosyal. Kòm jou ap pase, jèn lidè yo ap pouse tokay aje yo andeyò zòn konfò yo, nan fason konpreyansib, pafwa kondwi nan dezakò.

Pou reyalize yon tranzisyon nan lapè avèk mouvman debaz Guatemala yo, ki pral pèmèt yo kontribye pi efikasman nan demokrasi, gouvènman ak sosyete Guatemala, ansanm avèk kominote entènasyonal la, dwe pèmèt lidè tankou Ernesto Tzi, Alicia Lopez, ak anpil lòt pou travay nan plen potansyèl yo. Kalite lidè sa yo genyen sa ki nesesè pou adapte, inove, negosye, epi aprann pandan lap travay pou reponn a bezwen ansanm avèk priyorite moun yo reprezante yo. Si yo neglije pou sipòte efò yo sa ka koute chè — anfèt, li te ka ebranle akonplisman ke gwoup mouvman debaz yo te deja akonpli.

______________________________________________________________________

*Jose Toasa se Reprezantan Fondasyon Entè-Ameriken (IAF) pou Belize ak Guatemala.  Grasa lidèchip Jose’, patnè benefisyè IAF yo ki soti Belize ak Guatemala te anmezi pou devlope rezo òganik ki chita sou tèm tankou jesyon reosus natirèl, devlopman sitwayen, sekirite manje ak jèn. 

Cet article a été publié à www.LatinAmericaGoesGlobal.org par Latin America Goes Global 

Return to full list >>
comments powered by Disqus