Ayiti

Print
Press Enter to show all options, press Tab go to next option
mother-child

Rezime

Benefisyè aktyèl : 16
Resous promèt pa IAF : $3.495.522 US
Valè kontribisyon kontrepati : $1.912.636 US
Envèstisman total : $5.408.158 US
Domèn ki gen priyorite : agrikilti (sekirite alimantè), fòmasyon nan konpetans teknik, ekspresyon kiltirèl, devlopman antrepiz, enklisyon fanm ak jènn moun, moun andikape

Enfòmasyon pou kontakte IAF:

Carolina Cardona, Reprezantan Fondasyon pou Ayiti
Tasha Torchon, Asistant Pwogram
Dieusibon Pierre-Merite, Lyezon Lokal ak Sèvis Sipò (LLAS)

Benefisyè Aktyèl

Mouvement Paysan de l’Acul du Nord (MPA) pral ede 600 fanmi ki manm yo devlope pwodiksyon, preparasyon, ak komès mannyòk ak lòt rekòlt, tankou jouwoumou, patat ak pwa. Pwojè sa a ap fèt nan Camp Louise avèk La Souffrière, ki se de seksyon kominal nan Acul du Nord, tou pre Cap-Haïtien.

Fondation Haïtienne pour le Maintien de la Paix Sociale/Partenariat pour le Développement Local (FOHMAPS/PDL) pral fè fòmasyon pou manm nan òganizasyon popilè pou aprann yo administre aktivite agrikòl, sante kominotè, konsèvasyon, ak mikwokredi nan Nò ak Latibonnit. Li pral devlope lidèchip k ap pèmèt gwoup yo fòme pi gwo òganiasyon ak rive sèvi pwòp bezwen yo. Pwojè a pral genyen 3 000 Ayisyen kòm bennefisyè dirèk, ak 42 000 anplis kòm bennefisyè endirèk ki rete nan kominote Saint Michel de l’Attalaye, Saint Raphael, ak Pignon..

Sant Pon (SPA) pral travay avèk Twoup Kiltirèl Dawome (Twoup Dawome) pou resanse ak disemine dans ak mizik tradisyonnèl Ayisyen. Anplis, li pral fè pwomosyon twoup la ann Ayiti ak nan Zil Karayib yo. Twoup Dawome pral fè pwogrè nan teknik, prezantasyon, anrejistreman son, administrasyon ak biznis, epi li pral devlope repètwa li. SPA pral ede Twoup Dawome ak lòt gwoup mizisyen ann Ayiti nan piblisite, ak nan jwenn kote bonmache pou yo ka fè pratik. Sa pral ankouraje fyète kilitirèl, espesyalman nan pami jenn moun yo. Yo pral genyen anviwon 500 bennefisyè dirèk moun ak 10 000 moun anplis kòm bennefisyè endirèk.

Platfòm Inite Òganizasyon Dezam (PIOD) pral travay avèk sis òganizasyon ki gen manm peyizann ak kiltivatè ki rete Dezam nan Latibonit, pou devlope sekirite alimantè, estabilize kaskad Morne August la, ak ranfòse pwòp rannman li ansanm ak rannman òganizasyon ki ladan li yo. Pwojè a pral bennefisye 1 300 manm pèsonnèl nan PLAIOD, ansanm ak 30 000 Ayisyen ki rete nan twazyèm ak katriyèm seksyon kominal Dezam. Aksyon Karèm Swis pral patisipe nan finansman aktivite konsèvasyon ak reforestasyon, ki anrapò ak reyabilitasyon kaskad dlo a.

Lakou Lapè (Lakou Lapè) pral òganize ak ede yon rezo jenn Ayisyen devlope kapasite pwofesyonnèl yo, ak aprann teknik ki pral pèmèt yo travay pou diminye vyolans nan Sen Maten, Bèlè, ak Nan Kokto. Twa katye sa yo nan zalantou Pòtoprens. Fòmasyon pou kontwòl konfli a pral genyen tou, kòm patisipan, ofisyèl leta ak reprezantan sektè prive a. Pwojè a pral pote bennefis dirèk pou 95 Ayisyen, ak bennefis endirèk pou 5 000 lòt ankò.

Organisation de Développement Durable et Solidaire (ODDSHA) pral travay avèk kiltivatè nan 14 òganizasyon popilè nan Bwalo ak Flanman, ki se kominote nan premye seksyon Komin Kavayon nan depatman Sid ann Ayiti, pou ede yo pwodui ak vann plis kabrit. Travay nan fòmasyon ak nan amelyorasyon elevaj sa a pral pote bennefis dirèk pou 980 Ayisyen, ak bennefis endirèk pou 3 925 lòt ankò. 

Asanble Vwazen Solino (AVS) pral amelyore lokal pou lekòl primè li an, pwogramasyon pou kominotè li an, ak efikasite li kòm yon enstitisyon k ap sèvi moun ki rete Solino, ki se yon katye nan Pòtoprens. Pral gen yon kontraktè ki pral ede konsèy administrasyon an tabli yon plan estratejik, pou fè lekòl la rive sèvi pwòp bezwen li. Pwogram edikasyon an pral ede 260 timoun ak adolesan epi pral gen yon lòt 500 bennefisyè endirèk nan kominote a.

Unité de Lutte pour la Santé (ULS) pral travay pou bese pousantaj tibebe ak fanm k ap mouri pandan akouchman. Pou atenn objektif sa a, li pral touche plisyè zòn avèk kanpay sante piblik li an, li pral amelyore kondisyon lavi fanm yo avèk mikwokredi, li pral fòme saj fam, epi li pral bay premye swen nan sis kominote nan Bann Dinò: Calvaire Jouissant, Lorier, Cormier, Celicour, Haut Marchand ak Janvier. Pwojè a pral pote bennefis dirèk pou 6 000 moun ki rete nan kote sa yo, ak bennefis endirèk pou 15 000 lòt ankò.

Organisation pour la Promotion de l’Agroforesterie (OPA) pral bay anviwon 10 asosyasyon kiltivatè fòmasyon sou metòd agwoforestri ak amelyorasyon pwodiksyon agrikiltirel nan premye ak twazyèm seksyon kominal Pòdepè ki sitiye nan Nòdwès Ayiti. Li pral etabli anviwon 10 bank semans epi ranfòse jesyon òganizasyon li. Kiltivatè yo pral jere de pepinyè epi mentni apeprè 40 teren domonstrasyon. Gen yon 220 kiltivatè konsa ki pral benefisye direkteman ak yon lòt 2.200 kilitvatè ki pral benefisye endirekteman ak fanmi yo.

Association d'Aide des Techniciens pour les Personnes Handicapées (AATPH) pral travay pou amelyore kalite vi moun andikape epi pi byen entegre yo. Pou fè sa, AATPH pral ranfòse tèt li antanke òganizasyon, ranfòse kapasitel pou ofri fizyoterapi, fè kampay sansibilizasyon nan kominote yo, epi bay fòmasyon lang siy ak dwa imen. Pwoje a pwal benefisye 355 moun andikape nan yon fason dirèk epi li pral benefisye 1 775 moun nan yon fason endirèk nan 15 kominote nan Kapayisyen ak alantou.

Mouvman Peyizan 3yèm Seksyon Kanperen (MP3K) pral bay manm li yo, ki te afekte nan pasaj siklòn Matthew a, manje, kit ijèn, ak semans. Anplis, li pral reyabilite sistèm pirifikasyon dlo li a ak kay fanmi ki pi vilnerab yo. Gen 8.350 moun an tou ki pral benefisye dirèkteman ak 15.000 moun ki pral benefisye endirèkteman nan twazyèm seksyon kominal Kanperen.

Union des Paysans 3ème Section Vieille-Hatte (UP3SV) pral asiste fanmiy manm li yo nan rebatisman kominote yo apre pasaj siklòn Matthew. Li pral bay semans ak kabrit epi li pral reyabilite biwo li a pou ranfòse fonksyònmanl. Antou gen 100 moun ki pral benefisye dirèkteman e 300 moun ki pral benefisye endirèkteman nan twazyèm seksyon kominal Jean-Rabel nan Depatman Nòdwès ann Ayiti.

Fanm Deside (Fanm Deside) pral asiste 30 gwoup fanm afilye bati rezo pou sansibilize moun sou dwa imen nan depatman Sidès ann Ayiti. Fanm Deside pral fòme lòt rezidan yo (ni gason ni fanm)sou afè jann sitou nan kominote rekile yo epi apwofondi relasyon avèk dirijan kominotè ak otorite lokal yo pou defann dwa fanm. Anplis, li pral pilote yon pwogram fòmasyon vokasyonnèl pou ede fanm fè travay gason tankou plonbri ak masonn. Pwoje a pral benefisye anviwon 2.700 moun dirèkteman ak yon lòt 5.900 endirèkteman.

Groupe d'Appui au Développement du Sud (GADES) pral ouvri yon boulanje pou li ka pwodwi revni pou aktivite li yo epi bay fanm siseptib travay. Ak 30 gwoup fanm lokal, GADES pral fòme 150 otorite lokal sou dwa sivivan vyolans. Anplis yo pral fòme fanm sou ekite, devlopman òganizasyonnèl ak debouyay. Atravè medya ak aktivite yo, GADES ak gwoup fanm yo pral sansibilize lòt rezidan depatman Sid yo sou afè jann, apwofondi relasyon yo avèk dirijan kominotè ak otorite lokal yo pou defann dwa fanm, epi bay sivivan vyolans yo konsey legal ak èd medikal. Pwoje a pral benefisye anviwon 2.300 moun dirèkteman ak yon lòt 12.000 endirèkteman nan Depatman Sid.

Fondation Communautaire Haïtienne-Espwa (FCH-Espwa) pral vinn pi fò antanke òganizasyon e founi sipò finansye ak teknik atravè pwogram devlopman kominotè li a poul ka bay gwoup de baz pi bon jarèt. FCH-Espwa pral jere yon fon sibvansyon epi akòde anviwon sis (6) sibvansyon de $14.000 US chak bay òganizasyon de baz nan minisipalite Jeremi ak Moron yo nan Grandans. Aktivite pwoje a pral benefisye 1.110 moun dirèkteman ak 8.000 moun endirèkteman. 

Organisation des Paysans de Labiche (OPLA) pral mete aktivite sou pye avèk twa òganizasyon agrikòl. Yo pral fè fòmasyon pou manm yo ak lòt kiltivatè sou pratik agwoekologik ki pral amelyore pwodiksyon, ogmante revni, epi garanti yo yon kantite pwovizyon dirab. OPLA pral travay avèk kiltivatè yo pou tabli yon moulen, de (2) sant veterinè ak jaden. Anplis, yo pral kreye oswa ranfòse mityèl solidè. Pwoje a pral benefisye anviron 1.500 kiltivatè dirèkteman ak yon lòt 6.000 endirèkteman nan komin Kotdefè nan Depatman Sidès ann Ayiti.